Add parallel Print Page Options

Nou mèt sèten, moun k ap viv tankou moun k ap sèvi zidòl, yo p ap kapab antre nan wayòm Bondye ak Kris la: moun ki pote lanvi sou zafè lòt moun, se tankou moun k ap sèvi zidòl; moun ki sal tèt yo nan komèt imoralite seksyèl andeyò mariyaj, se tankou moun k ap sèvi zidòl.

Pa kite okenn moun twonpe nou ak yon kantite manti. Se poutèt peche sa yo menm Bondye fache epi li pini moun ki pa vle obeyi l yo. Konsa, pa asosye w ak kalite moun konsa.

Read full chapter