Add parallel Print Page Options

17 Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè. 18 Piga nou soule tèt nou ak diven, bagay konsa ap mennen nou nan debòch. Okontrè, kite Sentespri Bondye a ranpli lavi nou pito. 19 Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou.

Read full chapter