Add parallel Print Page Options

¶ Eske sa vle di m'ap kòmanse fè lwanj tèt mwen ankò? Osinon, èske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò èske se pou m' ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen?

Se nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m' pou tout moun ki konn li ka li li.

Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.

M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye.

Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.

¶ Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.

Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa,

nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou.

Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras.

10 Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè koulye a, sitèlman li depase l' anpil.

11 Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen.

12 ¶ Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa.

13 Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l' la te la pou yon tan. Se sa ki fè Moyiz te kouri kouvri tout figi l' ak yon moso twal pou moun pèp Izrayèl yo pa t' wè lè klate a disparèt.

14 Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt.

15 Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo.

16 Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Seyè a, vwal la soti.

17 Kilès Seyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, la gen libète.

18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.

N ap sèvi Bondye anba yon nouvo kontra

Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou? Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[a] men li ekri nan kè moun.

Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la. Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè. Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.

Nouvo kontra gen plis glwa

Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje. Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a. Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou. 10 Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen. 11 Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.

12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans. 13 Nou pa fè tankou Moyiz ki te oblije mete yon vwal sou vizaj li pou Izrayelit yo pa t ka wè lè glwa ki sou vizaj li a t ap disparèt. 14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[b] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. 17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.

Footnotes

  1. 3:3 wòch Li ap pale de lwa Moyiz la ki te ekri sou tablèt wòch lè Bondye t ap bay li. Gade tou nan vèsè 7. Gade nan Egz 24:12; 25:16.
  2. 3:14 ansyen pwomès la Gade Kontra nan Lis Mo yo. Isi a, “ansyen kontra” vle di Lalwa Moyiz la ki te nan baz kontra a.