Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Jan 11:47-53)

22 Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la. Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)

Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)

Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan. Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”

Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”

10 Jezi reponn yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, n ap kontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Swiv mesye a jouktan li rive nan kay kote l va antre a. 11 Pale ak mèt kay la, di l konsa: Mèt la voye di w pou montre nou chanm kote li ka manje repa fèt Pak la ak disip li yo. 12 Lè sa a, mèt kay la ap montre nou yon gwo chanm anlè a ki byen meble. Se la n a pare manje Pak la.”

13 Pyè ak Jan ale, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a, epi yo prepare manje Pak la.

Repa Senyè a

(Mat 26:26-30; Mak 14:22-26; 1 Kor 11:23-25)

14 Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. 15 Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. 16 Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak konsa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.”

17 Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. 18 Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.”

19 Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. 20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”[a]

Kilès k ap leve talon kont Jezi?

21 Jezi di: “Epoutan, moun k ap trayi m nan chita bò tab la ansanm ak mwen la a. 22 Pitit Lòm nan pral fè sa Papa a te gentan deside pou l fè, se vre, men malè pou moun ki trayi l la.”

23 Tousuit apot yo tonbe fè diskisyon ant yo menm. Youn ap mande lòt kilès nan pami yo la a ki pral fè bagay sa a?

Se pou konpòte w tankou yon sèvitè

24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.

28 Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29 Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30 N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 22:20 Kèk kopi Grèk pa genyen pawòl Jezi nan dènye pati vèsè 19 la ansanm ak tout vèsè 20 an.