Add parallel Print Page Options

19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[a]

20 Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli? 21 Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:19 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:14.