Add parallel Print Page Options

¶ Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo.

Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.

Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.

Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.

Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.

Read full chapter

Bondye vle nou priye pou tout moun

Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.

Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun.

Read full chapter