Add parallel Print Page Options

30 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?

31 Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.

32 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.

Read full chapter

30 E nou menm apot, pouki n ap met tèt nou an danje san rete? 31 Se chak jou mwen wè lanmò anfas. Mwen pa gen dout sou sa frè m ak sè m yo, menm jan mwen pa gen dout sou jan m fyè de nou poutèt sa nou ye nan Jezikris. 32 Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 15:32 Sitasyon sa a soti nan Eza 22:13; 56:12.