Add parallel Print Page Options

28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa.

Read full chapter