Add parallel Print Page Options

23 ¶ Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen,

24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.

25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen.

Read full chapter

23 Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.”

Read full chapter