Add parallel Print Page Options

20 Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje.

21 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè.

22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!

23 ¶ Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen,

24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.

25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen.

26 Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.

27 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an.

28 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a.

29 Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a.

30 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.

31 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.

32 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.

33 Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt.

34 Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.

Read full chapter

20 Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.[a] 21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.[b] 22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.

23 Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 26 Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32 Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l konsa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.

33 Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt. 34 Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l konsa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:20 Repa Senyè a “Soupe Senyè a” se repa espesyal Jezi te manje ak disip li yo. Lè sa a li te mande yo pou yo sonje l. Gade nan Lik 22:14-20.
  2. 11:21 sou Yo manje oswa yo bwè twòp.