Matye 21:1-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2 Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3 Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4 Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:
5 “Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[b]
6 Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7 Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. 8 Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[c] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![d]
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Read full chapterFootnotes
- 21:5 Siyon Vil Jerizalèm bati sou yon mòn. Siyon se pati sid mòn sa a. Gen defwa Bib la pale de Siyon pou pale de vil Jerusalem, pèp Bondye a k ap viv Jerizalèm, oswa tanp la.
- 21:5 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.
- 21:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
- 21:9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:26.
Copyright © 2017 by Bible League International