Font Size
Jan 6:16-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 6:16-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi mache sou dlo
(Mat 14:22-27; Mak 6:45-52)
16 Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. 17 Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. 18 Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. 19 Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt[a] konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. 20 Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” 21 Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.
Read full chapterFootnotes
- 6:19 senk ou sis kilomèt Literalman, “25 ou 30 stadia”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International