Add parallel Print Page Options

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri.

Wi, se pou nou mete tout moun ki pa nan kondisyon pou sèvi m' yo deyò nan kan an, fanm kou gason, pou yo pa mete kan kote m'ap viv nan mitan pèp mwen an nan kondisyon li pa ka sèvi m'.

Se konsa, moun pèp Izrayèl yo fè sa Seyè a te di Moyiz la. Yo mete tout moun sa yo deyò nan kan kote yo rete a.

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò.

Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis vin pou san (20%) lavalè.

Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt l' a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l' bay Seyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la.

Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan.

10 Tout ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou.

11 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

12 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l' nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l',

13 si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men,

14 osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l' vre, kit li pa fè l',

15 nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.

16 Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a.

17 Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l' nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l' nan dlo a.

18 Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an.

19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou.

20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou,

21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle.

22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!

23 Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l' te ekri a.

24 Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l' ba li gwo doulè nan vant.

25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l' sou lotèl la.

26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l' bay Bondye, l'a boule l' sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Seyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a.

27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l', dlo a va desann nan kò l', l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l' va sèvi pou bay madichon.

28 Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l', l'ap toujou ka fè pitit.

29 Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,

30 osinon lè yon nonm sispèk madanm l' ap twonpe l'. L'a mennen madanm lan devan lotèl Seyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan.

31 Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.

¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a,

se pou l' rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l'. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.

Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa manje anyen ki soti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a.

Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.

Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,

pa menm kadav papa l', osinon kadav manman l', kadav frè l', osinon kadav sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav moun mouri pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye, paske avèk cheve ki nan tèt l' a, sa vle di l'ap viv apa nèt pou Bondye.

Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, se pou l' rete apa nèt pou Bondye.

Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazareyen, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a san koupe cheve nan tèt li, nazareyen an ap twouve l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l' tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l' ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li.

10 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.

11 Prèt la va ofri yo bay Seyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.

12 Nonm lan va refè ve li te fè pou l' viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.

13 Men sèvis yon nazareyen va fè lè tan pou l' kenbe ve l' te fè a bout. Y'a mennen l' devan pòt Tant Randevou a.

14 L'a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Seyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Seyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.

15 L'a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.

16 Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Seyè a. L'a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l'a boule ofrann l' a nan dife.

17 L'a touye belye mouton an, l'a ofri l' pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a.

18 Lè sa a, nazareyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l'a pran cheve yo, l'a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule.

19 Apre nazareyen an fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l'a mete tou sa nan pla men nazareyen an.

20 Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven.

21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazareyen yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Seyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Seyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l' la a, se pou l' fè tou sa li te pwomèt pou l' fè a.

22 ¶ Seyè a di Moyiz konsa:

23 -Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la:

24 Se pou Seyè a beni nou, se pou l' pran swen nou.

25 Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l' gen pitye pou nou.

26 Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l' ban nou kè poze.

27 Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.