Add parallel Print Page Options

26 ¶ Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Se pou nou fete tout fèt mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyè a!

Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m' yo, si nou swiv yo,

lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.

Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.

M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.

N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.

Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo.

M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.

10 N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a setoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a.

11 M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.

12 M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.

13 Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.

14 ¶ Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.

15 Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an,

16 men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.

17 M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.

18 Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.

19 Pouvwa nou genyen an epi k'ap fè nou gonfle konsa a, m'ap kraze l' nèt. Pa yon ti degout lapli p'ap tonbe sot nan syel la, tè a ap vin di kou wòch.

20 N'a kraze kouraj nou travay di, men sa p'ap sèvi nou anyen: tè jaden nou yo p'ap bay anyen ankò, pyebwa yo p'ap donnen menm.

21 Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.

22 M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.

23 Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m' toujou,

24 mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.

25 M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.

26 M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.

27 Epi, si apre tou sa toujou, nou pa koute m', n'ap kenbe tèt avè m' toujou,

28 lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.

29 N'a sitèlman grangou n'a touye pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.

30 M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.

31 M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.

32 Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.

33 M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

34 Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo.

35 Pandan tout tan tè a va rete san travay la, l'a jwi tout lanne repo nou pa t' ba li yo lè nou te rete sou li a.

36 Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.

37 Y'ap tonbe yonn sou lòt tankou nan lagè san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lènmi yo.

38 N'a mouri nan peyi kote yo te depòte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wè nou yo.

39 Moun ki rete nan sa yo te depòte yo va depafini nan peyi lènmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansèt yo ak pou pwòp peche pa yo.

40 ¶ Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.

41 Se poutèt sa mwen menm tou, mwen te kenbe tèt ak yo, mwen te mennen yo prizonye nan peyi lènmi yo. Lè sa a, moun ki te gen lògèy plen kè yo va soumèt devan m', y'a peye pou sa yo te fè a.

42 Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avèk Jakòb, avèk Izarak epi avèk Abraram. Wi, m'a chonje pwomès mwen te fè yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.

43 Men, yo gen pou yo pati byen lwen, pou yo kite peyi a san moun pou tè a ka pran repo li. Wi, y'a peye pou sa yo te fè a, paske yo pa t' swiv prensip mwen te ba yo, paske yo te voye kòmandman m' yo jete.

44 Men, menm lè sa a, antan yo la toujou nan peyi lènmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m' ta fini ak yo nèt. Mwen p'ap kase kontra m' pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a.

45 Men, m'a fè pa yo, m'a chonje kontra mwen te pase avèk zansèt yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip devan je moun lòt nasyon yo pou m' te ka Bondye yo. Se mwen menm ki Seyè a!

46 Men tout prensip, tout lòd ak tout kòmandman Seyè a te bay Moyiz lòd mete nan kontra li te siyen ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.

27 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.

Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan.

Pou yon fanm menm laj la, se va trant pyès ajan

Pou yon jenn gason ki gen ant senkan al ventan, se va vin pyès ajan. Pou yon jenn fi ki gen menm laj la, se va dis pyès ajan.

Pou yon timoun ki gen ant yon mwa al senkan, si se yon gason se va senk pyès ajan. Pou yon ti fi menm laj la, se va twa pyès ajan

Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan.

Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye.

Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.

10 Li p'ap ka chanje yon move pou yon bon. Li p'ap ka bay yon lòt bèt nan plas sa li te pwomèt la. Si li fè sa, tou de bèt yo, ni sa li te di l'ap bay anvan an, ni sa li ta vle bay nan plas li a, va rete apa pou Seyè a.

11 Men, si bèt li te pran angajman ofri a se yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, l'a mennen bèt la bay prèt la.

12 Prèt la va fè pri bèt la dapre jan l' wè bèt la. Lè l'a fin fè pri bèt la, pri l' mande a, se sa y'a peye pou li.

13 Men, si moun ki te fè ofrann lan ta vle achte bèt la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a plis ven pou san (20%) lavalè.

14 ¶ Lè yon moun ap mete kay li apa pou Seyè a, prèt la va fè pri kay la dapre jan l' wè kay la. Lè l'a fin fè pri a, pri l' mande a, se sa pou yo bay.

15 Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.

16 Si yon moun pran yon pòsyon nan jaden l' epi li mete l' apa pou Seyè a, w'a fè pri pòsyon tè a dapre kantite grenn yo ka simen ladan l'. Pou chak barik grenn lòj yo ka simen, l'a bay dis pyès ajan.

17 Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt.

18 Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la.

19 Si moun ki mete pòsyon tè a apa pou Seyè a ta vle achte tè a ankò, l'a peye pri yo te bay pou tè a plis ven pou san (20%). Epi tè a va rete pou li.

20 Men, si yo te gen tan vann tè a bay yon lòt moun anvan li menm li te mande achte l' ankò, li p'ap ka achte l' ankò.

21 Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo.

22 Si yon moun pran yon jaden li menm li te achte, yon jaden ki pa jaden eritye, epi li mete l' apa pou Seyè a,

23 prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a.

24 Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.

25 Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès.

26 ¶ Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.

27 Men, si se premye pitit yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, y'a ka achte l' ankò nan men Seyè a pou pri n'a fikse a, plis ven pou san (20%) lavalè. Men, si moun lan pa vle achte l' ankò pou tèt li, y'a vann yon lòt moun li pou pri n'a fikse a.

28 Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.

29 Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a.

30 N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.

31 Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (20%) lavalè.

32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.

33 Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.

34 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.