Add parallel Print Page Options

29 ¶ Jòb tanmen pale ankò, li di:

-Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?

Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.

Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen.

Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo.

Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.

¶ Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,

wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.

Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.

10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.

11 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.

12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.

13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.

14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.

15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.

16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.

17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.

18 ¶ Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.

19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.

20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.

21 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.

22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.

23 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.

24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.

25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

30 ¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.

Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.

Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.

Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.

Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.

Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.

Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.

Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.

Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.

10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.

11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.

12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.

13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.

14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.

15 ¶ Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.

16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.

17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.

18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.

19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.

20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.

21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.

22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.

23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.

24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?

25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?

26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.

27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.

28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.

29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.

30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.

31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.

31 ¶ Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?

Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.

Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?

Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?

Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.

Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,

se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.

¶ Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,

10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.

11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.

12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.

13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,

14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?

15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.

16 ¶ Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.

17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.

18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.

19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,

20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.

21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,

22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.

23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.

24 ¶ Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.

25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.

26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.

27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.

28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.

29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.

30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.

31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.

32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.

33 ¶ Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.

34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.

35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.

37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.

38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,

39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,

40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.