Add parallel Print Page Options

¶ Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.

Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.

Plis ou kite bagay chaje tèt ou, se plis ou ka fè move rèv. Plis ou pale anpil, se plis ou ka di pawòl ki pa fè sans menm.

¶ Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'.

Pito ou pa janm pwomèt Bondye w'ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou.

Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?

Tout rèv w'ap plede fè yo, tout pawòl w'ap plede di yo p'ap sèvi ou anyen. Se krentif pou ou toujou genyen pou Bondye.

Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.

¶ Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou.

10 Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.

11 Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich.

12 Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote.

13 Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo.

14 Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l' ba li.

15 Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.

16 Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen.

17 Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè.

18 ¶ Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.

19 Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l' di Bondye mèsi, se pou l' jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li.

20 Li pa bezwen chonje jan lavi a kout, paske Bondye ba li kont bagay pou l' fè pou fè kè l' kontan.

¶ Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil.

Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.

Yon nonm te mèt gen san (100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.

Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.

Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a

ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.

¶ Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou.

Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a?

Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.

10 Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.

11 ¶ Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?

12 Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?

¶ Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.

Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.

Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.

Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.

Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou.

Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k'ap pete nan dife. Sa pa vo anyen.

¶ Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.

Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.

Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.

10 Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.

11 ¶ Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.

12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.

13 Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?

14 Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.

15 Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.

16 Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?

17 Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?

18 Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.

19 Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l' pou yon lavil.

20 Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.

21 Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.

22 Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.

23 ¶ Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'.

24 Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?

25 Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.

26 Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.

27 Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m' konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn.

28 M'ap chache yon lòt esplikasyon. Men mwen pa jwenn li. Sou mil gason mwen kontre, se yon sèl mwen jwenn ki gen konprann. Men pou fanm, mwen pa jwenn yonn menm.

29 Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.

¶ Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l' bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l' kontan, tout pli nan fwon l' disparèt.

Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a.

Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle.

Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l' poukisa l'ap fè sa l'ap fè a.

Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a.

¶ Chak bagay gen jan pou yo fè l' ak lè pou yo fè l'. Se la tout tèt chaje a ye.

Pesonn pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pesonn ki ka di nou sa ki pral rive.

Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.

¶ Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.

10 Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.

11 Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.

12 Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.

13 Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye.

14 ¶ Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen.

15 Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a.

16 Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit,

17 ou p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.