Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Read Scripture without ads. Try Bible Gateway Plus.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Travay 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.

2 Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.

3 Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.

4 Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.

5 Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy.

6 Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.

7 Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm.

8 Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye.

9 Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.

10 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.

11 Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.

12 ¶ Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?

13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.

14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou.

15 Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.

17 Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.

18 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.

19 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.

20 Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.

21 Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.

23 Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.

24 Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.

25 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.

26 Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo.

Next
Travay 2
Travay 4
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway