Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Understand more as you read. Go deeper with Bible Gateway Plus.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
New Bible Gateway. Take the quick tour.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Ròm 12  Haitian Creole Version

12 ¶ Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

2 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.

3 Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa.

4 Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa.

5 Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.

6 Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an.

7 Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' moutre lòt anpil bagay, se sa pou l' fè.

8 Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.

9 Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.

10 Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

11 Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.

12 Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

13 Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.

14 Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.

15 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

16 Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

17 Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.

18 Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.

19 Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

20 Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.

21 Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal.

Next
Ròm 11
Ròm 13
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway