Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
A new Bible Gateway experience is here. Spot something unexpected? Tell us what needs a closer look.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Understand more as you read. Try Bible Gateway Plus.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Jenèz 46  Haitian Creole Version

46 ¶ Izrayèl pati avèk tout sa li te genyen. li al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li.

2 Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi.

3 Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.

4 M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè wa mouri.

5 ¶ Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a.

6 Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo.

7 Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.

8 Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.

9 Men non pitit Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami.

10 Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran.

11 Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.

12 Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.

13 Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon.

14 Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl.

15 Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi.

16 Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli.

17 Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl.

18 Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun.

19 Men non pitit gason Rachèl, madan Jakòb: Jozèf ak Benjamen.

20 Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li.

21 Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad.

22 Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun.

23 Men non pitit gason Dann lan: Ouchim.

24 Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm.

25 Se pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun.

26 Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo.

27 Avèk Jozèf ki te gen tan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip.

28 ¶ Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l' vin jwenn li Gochenn.

29 Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li.

30 Izrayèl di Jozèf konsa: -Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri.

31 Epi Jozèf di frè l' yo ak tout fanmi papa l' yo: -Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l': men frè m' yo ak tout fanmi papa m' yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la.

32 Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen.

33 Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou,

34 n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.

Next
Jenèz 45
Jenèz 47
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway