Add parallel Print Page Options

Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a

Anvan tout bagay te kòmanse,
    Pawòl[a] la te la.
Li te avèk Bondye
    epi Pawòl la se te Bondye menm.
Li te avèk Bondye
    nan kòmansman.
Se ak li menm tout bagay te kreye;
    pa te gen anyen ki te kreye san li.
Se nan limenm lavi te ye,
    epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
Limyè[b] a klere nan fènwa,
    men fòs fènwa pa kapab gen viktwa[c] sou li.

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.

10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
    se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
    Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
    men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
    epi ki kwè nan li,
    li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
    men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
    men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
    epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
    yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
    epi li montre nou tout verite Bondye a.

15 Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”

16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou,
    nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.
17 Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz,
    men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.
18 Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a.
    Men, se sèl Pitit Bondye
a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a,
    se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.[d]

Jan rann temwanyaj pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9, 15-17)

19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”[e]

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[f] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”(A)

24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”

26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”

28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.

Jezi, mouton Bondye a

29 Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30 Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31 Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”

32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”[g]

Premye disip Jezi yo

35 Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36 Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton[h] Bondye a!”

37 Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”

Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”

39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.

40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).

42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”[i] (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)

43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”

46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”

47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”[j]

48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”

Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”

49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”

50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann[k] sou Pitit Lòm nan.”

Footnotes

  1. 1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Yo kapab tradui l “mesaj”. Nan plas sa a, yo itilize l kòm yon non pou Jezi, ki se fason Bondye chwazi pale ak lemonn epi pale sou lanmou li pou tout moun. Se menm bagay nan vèsè 10, 14, 16.
  2. 1:5 Limyè Se Kris la, se Pawòl la ki pote konprann sou Bondye. Gade nan vèsè 7 la tou.
  3. 1:5 gen viktwa Nou kapab tradui “Pote viktwa sou li” oubyen “konprann li”.
  4. 1:18 Men, se sèl … Papa a ye Oubyen yon fason pi literal, “Sèl Pitit la, Bondye, ki nan yon relasyon sere sere ak Papa a, li menm montre nou sa l sanble.” Kèk lòt kopi grèk di: “Sèl Pitit gason an ki trè pwòch ak Papa a se li montre nou sa l sanble.”
  5. 1:20 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  6. 1:21 pwofèt Li pwobab se pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-18.
  7. 1:34 Nonm sa se Pitit Bondye Kèk nan kopi Grèk ki ansyen anpil, yo genyen “Se li ki moun Bondye chwazi a.”
  8. 1:36 mouton Yon non senbolik pou Jezikris. Li vle di Jezi se te yon ofrann pou peche menm jan ak ti mouton yo te konn bay Bondye pou sakrifis nan Ansyen Testaman an.
  9. 1:42 Sefas Nan lang grèk la se menm bagay ak lang Arameyen an, li vle di “Wòch”.
  10. 1:47 konfyans Literalman, “yon moun ki pa gen twou nan manch.” Nan Ansyen Testaman an, lòt non Izrayèl se te Jakòb kite vle di “Mèt dam”. Se repitasyon sa a li te genyen. Gade nan Jen 27:35, 36.
  11. 1:51 Sitasyon sa a soti nan Jen 28:12. Se yon pati nan istwa yon rèv Jakòb te fè, lè l te wè yon nechèl soti nan syèl rive sou latè epi anj ap monte desann sou li. Gade nan Jen 28:11-17.

In the beginning was the Word, and the Word was with God, and the Word was God;

this one was in the beginning with God;

all things through him did happen, and without him happened not even one thing that hath happened.

In him was life, and the life was the light of men,

and the light in the darkness did shine, and the darkness did not perceive it.

There came a man -- having been sent from God -- whose name [is] John,

this one came for testimony, that he might testify about the Light, that all might believe through him;

that one was not the Light, but -- that he might testify about the Light.

He was the true Light, which doth enlighten every man, coming to the world;

10 in the world he was, and the world through him was made, and the world did not know him:

11 to his own things he came, and his own people did not receive him;

12 but as many as did receive him to them he gave authority to become sons of God -- to those believing in his name,

13 who -- not of blood nor of a will of flesh, nor of a will of man but -- of God were begotten.

14 And the Word became flesh, and did tabernacle among us, and we beheld his glory, glory as of an only begotten of a father, full of grace and truth.

15 John doth testify concerning him, and hath cried, saying, `This was he of whom I said, He who after me is coming, hath come before me, for he was before me;'

16 and out of his fulness did we all receive, and grace over-against grace;

17 for the law through Moses was given, the grace and the truth through Jesus Christ did come;

18 God no one hath ever seen; the only begotten Son, who is on the bosom of the Father -- he did declare.

19 And this is the testimony of John, when the Jews sent out of Jerusalem priests and Levites, that they might question him, `Who art thou?'

20 and he confessed and did not deny, and confessed -- `I am not the Christ.'

21 And they questioned him, `What then? Elijah art thou?' and he saith, `I am not.' -- `The prophet art thou?' and he answered, `No.'

22 They said then to him, `Who art thou, that we may give an answer to those sending us? what dost thou say concerning thyself?'

23 He said, `I [am] a voice of one crying in the wilderness: Make straight the way of the Lord, as said Isaiah the prophet.'

24 And those sent were of the Pharisees,

25 and they questioned him and said to him, `Why, then, dost thou baptize, if thou art not the Christ, nor Elijah, nor the prophet?'

26 John answered them, saying, `I baptize with water, but in midst of you he hath stood whom ye have not known, this one it is who is coming after me, who hath been before me,

27 of whom I am not worthy that I may loose the cord of his sandal.'

28 These things came to pass in Bethabara, beyond the Jordan, where John was baptizing,

29 on the morrow John seeth Jesus coming unto him, and saith, `Lo, the Lamb of God, who is taking away the sin of the world;

30 this is he concerning whom I said, After me doth come a man, who hath come before me, because he was before me:

31 and I knew him not, but, that he might be manifested to Israel, because of this I came with the water baptizing.

32 And John testified, saying -- `I have seen the Spirit coming down, as a dove, out of heaven, and it remained on him;

33 and I did not know him, but he who sent me to baptize with water, He said to me, On whomsoever thou mayst see the Spirit coming down, and remaining on him, this is he who is baptizing with the Holy Spirit;

34 and I have seen, and have testified, that this is the Son of God.'

35 On the morrow, again, John was standing, and two of his disciples,

36 and having looked on Jesus walking, he saith, `Lo, the Lamb of God;'

37 and the two disciples heard him speaking, and they followed Jesus.

38 And Jesus having turned, and having beheld them following, saith to them, `What seek ye?' and they said to them, `Rabbi, (which is, being interpreted, Teacher,) where remainest thou?'

39 He saith to them, `Come and see;' they came, and saw where he doth remain, and with him they remained that day and the hour was about the tenth.

40 Andrew, the brother of Simon Peter, was one of the two who heard from John, and followed him;

41 this one doth first find his own brother Simon, and saith to him, `We have found the Messiah,' (which is, being interpreted, The Anointed,)

42 and he brought him unto Jesus: and having looked upon him, Jesus saith, `Thou art Simon, the son of Jonas, thou shalt be called Cephas,' (which is interpreted, A rock.)

43 On the morrow, he willed to go forth to Galilee, and he findeth Philip, and saith to him, `Be following me.'

44 And Philip was from Bethsaida, of the city of Andrew and Peter;

45 Philip findeth Nathanael, and saith to him, `Him of whom Moses wrote in the Law, and the prophets, we have found, Jesus the son of Joseph, who [is] from Nazareth;'

46 and Nathanael said to him, `Out of Nazareth is any good thing able to be?' Philip said to him, `Come and see.'

47 Jesus saw Nathanael coming unto him, and he saith concerning him, `Lo, truly an Israelite, in whom guile is not;'

48 Nathanael saith to him, `Whence me dost thou know?' Jesus answered and said to him, `Before Philip's calling thee -- thou being under the fig-tree -- I saw thee.'

49 Nathanael answered and saith to him, `Rabbi, thou art the Son of God, thou art the king of Israel.'

50 Jesus answered and said to him, `Because I said to thee, I saw thee under the fig-tree, thou dost believe; greater things than these thou shalt see;'

51 and he saith to him, `Verily, verily, I say to you, henceforth ye shall see the heaven opened, and the messengers of God going up and coming down upon the Son of Man.'