Add parallel Print Page Options

Kounye a, poutèt Kris fè nou lib, an n kenbe fèm nan libète sa a. Ann pa tounen anba jouk esklavaj ankò.

Avètisman konsènan sikonsizyon

Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò. M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou. Nou menm k ap chache vin dwat devan Bondye nan fè sa lalwa Moyiz la mande, nou tou separe ak Kris. Nou chwazi mete tèt nou nan yon pozisyon pou nou pa benefisye gras Bondye a. Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive. Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.

Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a? Asireman yon move enfliyans konsa pa ka soti nan Bondye ki te chwazi nou an. Fè atansyon, “Yon ti kras ledven kapab fè tout yon pat leve.”[a] 10 Pou mwen menm, mwen konte sou nou nan Senyè a, nou p ap panse okenn lòt fason. Men, kanta pou moun k ap twouble nou an, nenpòt ki moun li ye a, l ap peye sa.

11 Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò? 12 Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?

13 Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt. 14 Paske tout lalwa a akonpli nan sèl pawòl sa a: “Se pou ou renmen pwochen w[b] menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[c] 15 Men, si youn ap mòde lòt, si youn ap devore lòt, veye pou youn pa touye lòt tou.

Sentespri a ak nati peche ki nan lòm nan

16 M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè. 17 Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la. 18 Men, si nou kite Sentespri a dirije lavi nou, nou p ap viv anba lalwa.

19 Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj, 20 sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri. 21 Se lanvi, bwè tafya, banbòch ak yon bann lòt bagay ankò. Mwen te deja di nou sa, m ap repete l ankò: Moun k ap komèt bagay sa yo se moun ki p ap antre menm nan wayòm Bondye Papa a. 22 Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa, 23 dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo. 24 Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo. 25 Poutèt se Sentespri a ki ban nou lavi, annou kite Sentespri a mennen lavi nou. 26 Annou pa kite lògèy fè n ap vante tèt nou, pou nou ta ap fè moun santi youn pi enpòtan pase lòt. Annou pa anvye sò youn lòt nonplis.

Footnotes

  1. 5:9 Se yon pwovèb ki vle di yon ti bagay tou piti (menm jan ak yon ansèyman ki pa bon) kapab fè yon gwo pwoblèm leve, oubyen yon sèl moun kapab genyen yon move enfliyans sou tout yon gwoup moun.
  2. 5:14 pwochen w Oubyen “lòt moun”. Ansèyman Jezi bay nan Lik 10:25-37 fè l parèt klè sa fè referans a nenpòt moun ki nan bezwen.
  3. 5:14 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.