Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
A new Bible Gateway experience is here. Spot something unexpected? Tell us what needs a closer look.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Verse of the Day by email. Sign up free.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Amòs 3  Haitian Creole Version

3 ¶ Nou menm pèp Izrayèl, tande mesaj Seyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè soti kite peyi Lejip la.

2 Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.

3 Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?

4 Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?

5 Ou janm wè yon zwezo desann atè vin pran nan pèlen si yo pa mete manje nan pèlen an anvan? Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l'?

6 Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz?

7 Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.

8 Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?

9 ¶ Men sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k'ap fèt la.

10 Yo pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun.

11 Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo.

12 Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.

13 Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di:

14 Lè jou a rive pou m' pini pèp Izrayèl la pou peche l' yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè.

15 M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.

Next
Amòs 2
Amòs 4
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway