Add parallel Print Page Options

Anpil moun pral sispann renmen Bondye

Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil. Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo. Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen. Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye. Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!

Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. Se menm jan ak Janès epi Janbrès[a] nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen. Men se pa moun k ap rive lwen nan sa yo vle fè a. Tout moun ap rive wè se moun ki pa byen nan tèt yo ye, menm jan yo te rive dekouvri kilès Janès ak Janbrès te ye.

Dènye enstriksyon

10 Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen. 11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo. 12 Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon. 13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.

14 Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans. 15 Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris. 16 Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat. 17 Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.

Footnotes

  1. 3:8 Janès epi Janbrès Li pwobab se te majisyen yo ki te nan lakou Farawon an. Gade nan Egz 7:11-12, 22.