Add parallel Print Page Options

¶ Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.

Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.

Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou.

Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.

Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.

Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve.

¶ Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.

Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.

¶ Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.

10 Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt.

11 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.

12 Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.

13 Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.

¶ Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li?

Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa?

Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije.

Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou.

Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt,

kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou?

Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?

Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la!

¶ Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,

10 moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.

11 Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

12 ¶ Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.

13 Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye.

14 Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.

15 Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib!

16 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò.

17 Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.

18 Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.

20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

¶ Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye.

Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.

Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.

Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye.

Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.

Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon.

Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.

Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo.

Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou.

10 ¶ Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li.

11 Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò.

12 Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò.

13 Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l' kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a.

14 Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.

15 Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze.

16 Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?

17 ¶ Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.

18 Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t' sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen fè yo sikonsi li.

19 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.

20 Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a.

21 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa chaje tèt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan.

22 Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye.

23 Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun.

24 Frè m' yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.

25 ¶ Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.

26 Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a.

27 Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.

28 Si l' ta vle marye tou, li mèt; li p'ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.

29 Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.

30 Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo.

31 Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye koulye a nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.

32 Mwen pa ta renmen wè nou gen ankenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Seyè a sèlman. L'ap chache fè Seyè a plezi.

33 Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi.

34 Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sè zafè Seyè a sèlman y'ap okipe, paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi.

35 Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare.

36 ¶ Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa.

37 Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l' pa marye, si l' kapab kontwole volonte l', si li deside nan tèt li se sa pou l' fè, enben, li fè byen si l' pa marye ak jenn fi a.

38 Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l' la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou.

39 ¶ Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la.

40 Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

¶ Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.

Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an.

Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.

¶ Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.

Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre),

pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.

¶ Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.

Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.

Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.

10 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.

11 Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a.

12 Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche.

13 Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.

Imoralite se lènmi legliz

M pa ka kwè sa m tande a! Mwen tande imoralite seksyèl tèlman anvayi legliz la menm payen wouj pako rive nan nivo sa a. Sa rive si lwen m menm tande gen yon jenn gason ki plase ak madanm papa l. Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa. Pou mwen men, m pa ka la avèk nou an pèsòn. Men menm nan Sentespri a, mwen deja jije moun ki fè kalite aksyon sa a, kòmsi m te la an pèsòn. Fè menm bagay avè m. Reyini nan non Jezi Senyè nou an. M ap reyini avèk nou tou an espri. Epi, sèvi ak puisans Jezi Senyè nou an. Livre nonm nan bay Satan, pou lachè[a] a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.

Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.” Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la.[b] Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an.[c] An nou fete fèt pak la san nou pa sèvi ak pen vye leven peche ak imoralite. Men an nou manje pen san leven, ki konpare ak yon kè ki san tach ak san malis kache.

Mwen te ekri nan lèt anvan pou nou pa nan konkòday ak moun k ap viv nan imoralite seksyèl. 10 Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl. 11 Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.

12-13 M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”[d]

Kwayan k ap trennen lòt kwayan devan lajistis

Lè youn nan nou gen kont ak lòt kwayan nan Kris, pouki nou trennen yo devan jij ki pa konnen Bondye olye nou regle bagay la nan kad legliz? Kòman nou fè pa konnen moun ki apa pou Bondye yo gen pou jije lemonn antye? Kòman fè yo gwo travay konsa ap tann nou epi pou pa ka regle ti bagay sa yo? Èske nou pa konnen nou jije anj yo? Nan ka sa a, mwen pa menm bezwen pale pou ti bagay òdinè lavi chak jou. Donk, lè nou bezwen regle pwoblèm konsa, pa trennen yon lòt kwayan devan jij ki pa gen anyen pou wè ak legliz. Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou? Sa rèd pou wè yon kwayan an Kris ap trennen yon lòt kwayan nan tribinal devan jij ki pa kwè nan Bondye.

Se deja yon wont pou nou youn ap fè lòt pwosè epi li t ap pi bon pou nou sipòte lenjistis. Pouki nou pa aprann di: zafè! Menmsi lòt moun vòlè afè nou? Poutan se nou k ap fè lòt kwayan parèy nou mal, se nou k ap vòlè.

Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun, 10 moun k ap vòlè, moun ki lanvi sou afè moun, bwasonyè, medizan, bandi, moun konsa pa gen plas yo nan wayòm Bondye a. 11 Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.

Kò nou se tanp Sentespri a

12 Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav. 13 Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye,[e] epi Senyè a se pou li. 14 Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou. 15 Èske nou pa konnen kò nou se manm nan kò Kris? Èske m ap pran yon pati nan kò Kris pou m fè l fè youn ak yon fi movèz vi. M pa kwè m ap janm fè sa! 16 Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”[f] 17 Moun ki ini avèk Senyè a vin fè youn avèk li nan lespri.

18 Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche. 19 Èske nou pa konnen kò nou se tanp[g] Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou. 20 Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”

Konsènan maryaj

Kounye a mwen pral reponn kesyon nou te poze m nan lèt nou te voye a. Kèk nan nou mande m èske l pa t ap pi bon pou yon nonm pa fè sèks ditou. Men poutèt peche seksyèl se yon gwo danje, se pou chak gason pran anpil plezi nan pwòp madanm li, se pou chak madanm pran anpil nan pwòp mari li. Yon mari dwe ranpli wòl mari li nan relasyon l ak madanm li. Yon madanm dwe fè devwa madanm li nan relasyon l ak mari li. Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò madanm nan se pou mari l li ye. Menm jan an tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò mari a se pou madanm li. Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou. Mwen di sa pou m ka ban nou pèmisyon pou nou fè yon ti separe pou yon ti tan. Se pa yon lòd m ap pase. Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.

Kounye a pou moun ki pa marye yo ak sa yo ki vèv, men sa m ap di: Se yon bon bagay pou nou rete selibatè menm jan avè m. Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.

10 Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li. 11 Men oka ou sa ta rive, se pou madanm rete san lòt gason oubyen se pou l tounen ak mari li. Menm jan tou yon mari pa gen dwa divòse ak madanm li.

12 Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 13 Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 14 Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.

15 Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. 16 Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou.

Viv nan kondisyon Bondye te rele w la

17 Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv. 18 Ou te gen tan sikonsi lè Bondye te rele w, pa chache fè operasyon pou defèt sikonsizyon an. Ou pa t sikonsi lè Bondye te rele w pa chache sikonsi. 19 Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye. 20 Se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la. 21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a. 22 Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li. 23 Bondye achte w chè. Pa vin tounen esklav pèsonn. 24 Frè m ak sè m yo, se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la.

Ka moun ki pa marye yo

25 Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo,[h] mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. 26 Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. 27 Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.

29 Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. 30 Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. 31 Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se konsa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.

32 Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. 33 Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. 34 Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. 35 Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon.

36 Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li[i] Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. 37 Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. 38 Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou.

39 Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. 40 Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.

Konsènan vyann yo sakrifye bay zidòl

Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye[j] bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm. Moun ki met nan tèt yo se moun save yo ye dwe reyalize yo pa t ko kòmanse konnen jan yo ta dwe konnen. Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.

Konsa nan sa ki konsène vyann yo sakrifye bay zidòl, nou tout konnen menm bagay, an reyalite yon idòl pa reprezante anyen. Nou tout konnen tou se yon sèl Bondye ki genyen. Epi menmsi nan lemonn genyen swadizan anpil bagay yo rele “dye” ak “SENYÈ”, swa nan syèl la swa sou tè a, pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.

Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye. Poutan se pa yon manje k ap fè nou pi pwòch Bondye. Nan domèn sa a, si nou pa manje l nou pa fè okenn pèt, si nou manje l nou pa fè okenn benefis.

Ou gen libète pou w manje. Men atansyon pou libète w la pa lakoz kwayan ki andout yo tonbe nan peche. 10 Kisa ki pral pase, lè yon moun ki pa gen menm nivo konesans avè w, lè l wè w ap manje nan yon tanp pou zidòl. Sa pral ankouraje l manje tou. Men y ap fè sa pou adore zidòl! Poutan, nan fon konsyans li se yon move bagay. 11 Konsa konesans ou a lakoz kwayan sa a ki pa menm gen konesans avèk ou a pèdi lafwa l. Antan yon frè, Kris te mouri pou li tou. 12 Lè nou peche kont frè ak sè nou, lè nou blese konsyans yo ki pi fèb, se kont Kris la menm nou peche. 13 Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.

Footnotes

  1. 5:5 lachè Se sans literal mo a. Men, nou ka di tou “kò a” oubyen feblès lèzòm, oubyen feblès “lachè”.
  2. 5:7 pen fèt Pak la Se te yon pen espesyal san leven Jwif yo te konn manje nan repa Pak la. Pòl te vle di menm jan pen fèt Pak te san leven se konsa kwayan nan Kris la dwe san peche.
  3. 5:7 ti mouton fèt Pak nou an Jwif yo te konn touye yon ti mouton pou selebre fèt Pak la. Jezi te reprezante ti mouton sa yo t a pral sakrifye pou pèp la.
  4. 5:12-13 Sitasyon sa a soti nan Det 22:21, 24.
  5. 6:13 Senyè li ye Gade nan Egz 28:36.
  6. 6:16 Sitasyon sa a soti nan Jen 2:24.
  7. 6:19 tanp Mezon Bondye, kote moun vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a, li vle di kwayan yo se tan espirityèl kote Bondye rete.
  8. 7:25 moun ki pa marye yo Literalman, “vyèj yo”.
  9. 7:36 Li pa ka … pasyon kò li Oubyen “Fi a prèske depase laj nòmal moun marye.”
  10. 8:1 sakrifye Bèt yo touye epi yo ofri kòm ofrann pou montre adorasyon. Gade vèsè 10 la tou.