Add parallel Print Page Options

¶ Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.

Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.

Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.

¶ Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.

Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a.

Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.

Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a.

Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'.

10 Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa.

11 Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.

12 Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,

13 Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete.

14 Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.

15 Estè voye reponn Madoche:

16 -Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.

17 Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.

¶ Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.

Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an.

Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.

Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a.

Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman.

Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.

Estè reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...?

Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fè sa m'a mande l' fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m' bezwen.

¶ Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,

10 men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.

11 Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.

12 Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m' pou denmen ankò!

13 Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a.

14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.

¶ Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li.

Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a.

Wa a mande: -Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: -Yo pa t' fè anyen pou li non.

¶ Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a.

Mesye yo reponn: -Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: -Fè l' antre!

Lè Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bèl bagay m' ta fè pou yon moun mwen ta renmen remèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l': Pa gen lòt moun wa a ta renmen remèsye pase mwen menm!

Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remèsye pou sèvis li rann ou!

Enben! Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l' bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li.

Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l' al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l' moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l' nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li.

10 Lè sa a, wa a di Aman: -Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. w'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.

11 Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li.

12 ¶ Apre sa, Madoche tounen tounen l' bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitèlman li te wont.

13 Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fè l' anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l'. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.

14 Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fèt Estè te pare a.